Genesis 12:3
M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:18Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.
Genesis 26:29W'ap sèmante ou p'ap janm fè nou anyen, menm jan nou pa t' janm fè ou anyen. W'ap sèmante nou te toujou aji byen avè ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Koulye a, ou gen benediksyon Bondye sou ou.
Genesis 28:14Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
Genesis 30:30Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen.
Exodus 23:22Men, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou.
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.