Genesis 13:14
Lè Lòt fin ale, Seyè a di Abram konsa. Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès,
Bib La
In The King James Version
In Context
13Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
15paske mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan.
Cross References
Genesis 28:14Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
Isaiah 49:18Voye je nou toupatou. Gade sa k'ap pase. Tout moun nou yo ap sanble, y'ap vin jwenn nou. Jan nou konnen mwen vivan an, mwen fè sèman: Nou pral kontan wè yo lakay nou, tankou lè lamarye kontan wè bèl rad nòs li sou li. Se Seyè a menm ki di sa.