Genesis 14:1
Lè sa a, Anmrafèl te wa Chenea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:10Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea.
Genesis 11:2Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete.
Isaiah 21:2Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.
Isaiah 37:12Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, lavil Aran, lavil Rezèf ak moun Betedenn yo ki rete lavil Tèlasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?
Jeremiah 49:34Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fèk moute wa nan peyi Jida.
Daniel 1:2Seyè a kite l' mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l' nan tanp bondye pa l' yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l' yo.