Genesis 15:5
Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Abram mete konfyans li nan Seyè a, se konsa Seyè a fè l' gras.
Cross References
Genesis 13:16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
Genesis 22:17Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.
Genesis 28:14Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
Exodus 32:13Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit an kantite, y'ap tankou zetwal nan syèl la. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan.
Deuteronomy 10:22Lè zansèt nou yo te desann nan peyi Lejip, yo te swasanndis moun sèlman. Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, fè nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.
Psalms 147:4Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.