Genesis 17:6
M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Y'ap tounen kantite nasyon. Anpil wa ap soti nan ras ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
Genesis 17:16M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa.
Genesis 28:3Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.
Genesis 36:31Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.
Genesis 48:4Li di m' konsa: M'ap ba ou anpil pitit ak pitit pitit. M'ap fè yo tounen anpil nasyon. Ou wè tè sa a? M'ap bay pitit pitit ou yo li pou li rele yo pa yo pou tout tan.
Matthew 1:6Obèd te papa Izayi, Izayi te papa wa David. David te papa Salomon. Se Madan Ouri ki te manman Salomon.