Genesis 18:1
Seyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:18Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.
Genesis 15:1Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.
Genesis 17:22Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl.
Genesis 48:3Jakòb di Jozèf: -Bondye ki gen tout pouvwa a te parèt devan mwen yon kote yo rele Louz, nan peyi Kanaran. Li beni m'.
2 Chronicles 1:7Jou lannwit sa a, Bondye parèt devan Salomon, li di l' konsa: -Mande m' sa ou vle, m'ap ba ou li.