Genesis 2:17
Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.
Cross References
Genesis 3:1Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?
Genesis 3:11Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?
Genesis 3:19Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.
Numbers 26:65Paske Seyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esepte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan.
Deuteronomy 30:15Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi.
Judges 3:2Li te fè sa konsa pou l' te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pa t' janm al nan lagè anvan sa.