Genesis 2:3
Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay.
Cross References
Genesis 1:31Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.
Exodus 20:8Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.
Exodus 31:13-W'a di pèp Izrayèl la: Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Seyè a, ki mete nou apa pou mwen.
Exodus 35:2N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
Leviticus 25:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, n'a bay tè a yon repo pou Seyè a.
Nehemiah 9:14Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv.