Genesis 20:3
Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye.
Bib La
In The King James Version
In Context
2li t'ap di se sè li Sara te ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera a, fè yo mennen Sara ba li.
4Men, Abimelèk pa t' gen tan kouche avè Sara. Li di. Mèt, èske w'ap kite yon pèp inonsan peri?
Cross References
Genesis 28:12Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la.
Genesis 37:5Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l' bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l' pi plis toujou.
Genesis 40:5Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa a te fè yo chak yon rèv. Chak rèv te gen sans pa yo.
Genesis 41:1Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la.
Job 4:12Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t' fin tande nèt sa li t'ap di.
Job 33:15Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.