Genesis 21:14
Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l' mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l' ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Lè dlo nan sak la fini, li kite pitit la anba yon touf raje.
Cross References
Genesis 16:7Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la.
Genesis 21:31Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt.
Genesis 22:3Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.
Genesis 24:54Apre sa, domestik Abraram lan manje ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo bwè, yo dòmi. Nan maten, lè yo leve, domestik la di: -Kite m' tounen al jwenn mèt mwen.
Genesis 26:31Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fè wout yo.
Genesis 28:18Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l' zòrye a, li plante l' tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye.