Genesis 23:13
Li pale ak Efwon pou tout moun ka tande. Li di l': -Koute sa m'ap di ou: M'ap achte tout jaden an nan men ou pou pri li vo. Tanpri, asepte lajan m'ap ba ou pou li a. Se lè sa a m'a antere madanm mwen ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Men, Abraram bese tèt li byen ba devan moun Et yo.
14Efwon reponn Abraram: -Mèt, tanpri koute sa m'ap di ou:
Cross References
Genesis 33:19Li achte moso tè kote li te moute tant li a pou san (0100) pyès lajan nan men pitit Amò yo. Se Amò sa a ki te papa Sichèm.
Acts 20:35Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
Philippians 4:5Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan.
Hebrews 13:5Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.