Genesis 24:50
Laban ak Betwèl reponn: -Bagay sa a se travay Seyè a, Bondye a. Nou pa gen anyen pou n' di nan sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:15Li t'ap pale toujou lè Rebeka parèt avèk yon krich sou zepòl li. Rebeka te pitit Betwèl. Betwèl sa a te pitit gason Milka ki te marye ak Nakò, frè Abraram lan.
Genesis 24:53Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou.
Genesis 24:60Yo beni Rebeka, yo di l': -Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit. Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo.
Genesis 31:29Mwen gen kont pouvwa anba men m' pou m' ta regle ou. Men yè swa, pandan lannwit lan Bondye papa ou la di m': Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
1 Kings 12:15Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.
Psalms 118:23Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa!