Genesis 24:7
Seyè a, Bondye syèl la, te pran m' fè m' soti lakay papa m' ak nan peyi fanmi mwen. Li pale avè m'. Li fè m' sèman l'ap bay pitit pitit mwen yo peyi sa a. Enben, se li menm ki va fè zanj li pran devan ou, pou ou chwazi yon madanm nan moun laba yo pou pitit gason m' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Abraram reponn li: -Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a!
Cross References
Genesis 12:1Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la.
Genesis 13:15paske mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan.
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Genesis 24:40Li reponn mwen: Seyè a ki wè jan mwen toujou obeyi l' va voye zanj li avè ou. Li p'ap fè ou vwayaje pou gremesi. Ou va chwazi yon madanm nan fanmi papa m' pou gason m' lan.
Genesis 26:24Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.
Exodus 23:20Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l' fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an.