Genesis 26:3
W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:7Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.
Genesis 13:17Bon. Koulye a, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li.
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Genesis 20:1Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a,
Genesis 26:12Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
Genesis 26:24Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.