Genesis 28:2
Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frè manman ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:23Se Betwèl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fè pou Nakò, frè Abraram lan.
Genesis 24:10Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, li ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami.
Genesis 24:29Rebeka te gen yon frè yo rele Laban. Laban kouri deyò al jwenn nonm lan bò sous la.
Genesis 25:20Abraram te papa Izarak. Izarak te gen karantan lè li marye ak Rebeka ki te pitit fi Betwèl, moun lavil Aram, ki te rete nan peyi Mezopotami an. Rebeka te sè Laban, moun lavil Aram.
Genesis 29:1Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a.
Genesis 32:10Mwen menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m' tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Lè m' t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m'. Koulye a m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon.