Genesis 29:17
Leya te gen je pichpich, men Rachèl te gen bèl fòm kò, li te bèl anpil.
Bib La
In The King James Version
Leah was tender eyed; but Rachel was beautiful and well favoured.
In Context
16Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl.
Cross References
Genesis 24:16Se te yon jenn fi. Li te bèl anpil, li te tifi. Li desann nan sous la, li plen krich li. Epi li moute soti deyò.
Genesis 29:16Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl.
Genesis 30:1Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou!
Genesis 35:19Rachèl mouri, yo antere l' sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou.
Genesis 39:6Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe.
Genesis 48:7Lè m' t'ap tounen soti nan peyi Mezopotami an, Rachèl, manman ou, te mouri nan men mwen. Li mouri sou wout pou ale peyi Kanaran, pa twò lwen lavil Efrata. Mwen antere l' la sou wout Efrata a. Se Efrata sa a yo rele Betleyèm lan tou.