Genesis 29:33
Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m' yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m' pa renmen m' menm. Se konsa li rele l' Simeyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 30:6Lè sa a, Rachèl di: -Seyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m' yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann.
Genesis 30:18Leya di: -Bondye ban m' sa m' merite a, paske mwen te bay mari m' sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka.
Genesis 34:25Twa jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo.
Genesis 35:23Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.
Genesis 49:5Simeyon ak Levi se menm moun, se pwason kraze nan bouyon! Yo sèvi ak zam yo pou fè mechanste.