Genesis 3:12
Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m' manje, epi mwen manje l'.
Bib La
In The King James Version
And the man said, The woman whom thou gavest to be with me, she gave me of the tree, and I did eat.
In Context
Cross References
Genesis 2:18Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.
Genesis 2:22Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.
1 Samuel 15:15Sayil reponn li: -Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Seyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye.
1 Samuel 15:21Men sòlda mwen yo pa t' touye bèl mouton ak pi bèl bèf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lènmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotèl la bay Seyè a, Bondye ou la.
Proverbs 19:3Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye.
Luke 10:29Men, dirèktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, kifè li mande Jezi: Ki moun ki frè parèy mwen?