Genesis 3:20
Adan bay madanm li non, li rele l' Ev, paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a.
Bib La
In The King James Version
And Adam called his wife’s name Eve; because she was the mother of all living.
In Context
21Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo.
Cross References
Genesis 2:20Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'.
Genesis 5:29Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
Genesis 29:32Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn.
Exodus 2:10Lè ti gason an vin gran ti bway, li mennen l' bay fi farawon an ki adopte l' pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di: -Se nan dlo mwen wete l'. Se konsa, li rele l' Moyiz.
Matthew 1:21Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.
Acts 17:26Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete.