Genesis 30:2
Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: -Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 20:18Poutèt sa ki te rive Sara, madanm Abraram lan, Seyè a te fè tout fanm lakay Abimelèk pa t' kapab fè pitit. Abraram lapriyè pou Abimelèk, epi Bondye geri li. Bondye geri madanm li tout ansanm ak medam k'ap travay lakay li pou yo kapab fè pitit ankò.
Genesis 29:31Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t' renmen Leya, li fè l' fè pitit. Men, Rachèl pa t' kapab fè pitit.
Genesis 50:19Jozèf di yo: -Nou pa bezwen pè. Mwen pa kapab pran plas Bondye.
Deuteronomy 7:13L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
1 Samuel 2:5Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pa t' ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen.
Psalms 113:9Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!