Genesis 32:31
Solèy te gen tan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li.
Bib La
In The King James Version
And as he passed over Penuel the sun rose upon him, and he halted upon his thigh.
In Context
30Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl.
Cross References
Genesis 16:13Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan.
Genesis 19:23Solèy te fèk ap leve lè Lòt rive Zoa.
Exodus 24:10Yo te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l', te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nwaj menm ladan li.
Deuteronomy 5:24Yo di m' konsa: -Koulye a, nou wè Seyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l' ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa.
Judges 6:22Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas!
Judges 8:8Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penyèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo.