Genesis 35:14
Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' pou l' make kote Bondye te pale avèk li a. Li pran diven, li wouze wòch la, apre sa li vide lwil sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Apre sa, Bondye kite l' kote li t'ap pale ak li a, li moute nan syèl.
15Li rele kote Bondye te pale avè l' la Betèl.
Cross References
Genesis 28:18Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l' zòrye a, li plante l' tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye.
Genesis 35:20Jakòb make tonm lan ak yon gwo wòch: yo rele l' Moniman tonm Rachèl la. Wòch la la jouk jòdi a.
1 Samuel 7:12Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou.