Genesis 35:7
Li bati yon lotèl la, li rele kote a Betèl, paske se la Bondye te parèt devan li lè li t'ap kouri pou frè l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:7Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.
Genesis 28:10Jakòb kite Bècheba, li pati pou Karan.
Genesis 28:17Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.
Genesis 28:22Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen.
Genesis 31:13Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la.
Genesis 35:3Nou pral kite kote nou ye a, nou pral Betèl, kote mwen pral bati yon lotèl pou Bondye ki te reponn lapriyè m' lè m' te anba tray la, pou Bondye ki te la avèk mwen kote m' pase nan vwayaj mwen te fè a.