Genesis 37:11
Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l' t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li.
Bib La
In The King James Version
And his brethren envied him; but his father observed the saying.
In Context
12Frè Jozèf yo leve, y ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje.
Cross References
Genesis 26:14Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.
1 Samuel 18:8Sayil pa t' renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di: -Anhan! Yo di David touye dimil (010.000), mwen menm, yo di m' touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l' wa!
Ecclesiastes 4:4Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.
Isaiah 26:11Seyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.
Matthew 27:18Pilat te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li.
Luke 2:19Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l', li t'ap repase yo nan tèt li.