Genesis 38:2
Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Lè sa a, Jida kite frè l' yo, li al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam.
3Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason. Jida rele pitit la Er.
Cross References
Genesis 3:6Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.
Genesis 6:4Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.
Genesis 28:1Izarak rele Jakòb, li beni l'. Apre sa, li ba li lòd sa a: -Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.
Genesis 46:12Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.
Judges 16:1Yon lè Samson desann lavil Gaza, li wè yon jennès, li antre kay jennès la.
1 Chronicles 2:3Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'.