Genesis 38:5
Li fè yon lòt pitit gason ankò, yo rele l' Chela. Jida te lavil Kezib lè madanm li fè Chela.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l' Onan.
6Jida chwazi yon fi yo rele Tama pou Er, premye pitit gason l' lan.
Cross References
Genesis 38:11Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'.
Genesis 46:12Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.
Numbers 26:20Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.
1 Chronicles 4:21Men moun ki nan branch fanmi Chela, pitit Jida a: Er, papa Leka, Lada, papa Marecha, branch fanmi moun ki fè bon twal fin nan lavil Bètachbea yo.