Genesis 39:17
Li rakonte l' menm bagay la, li di l': -Esklav ebre ou mennen lakay la vin jwenn mwen jouk isit la pou avili m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Madanm lan kite rad la bò kote l', li tann mèt Jozèf la tounen lakay la.
18Men, mwen pete yon rèl, li kouri met deyò, li kite rad li bò kote m'.
Cross References
Genesis 39:14li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m'. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m' kouche avè l'. Mwen pete rele.
Exodus 23:1Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan.
1 Kings 21:9Men sa li voye di yo nan lèt yo: Sanble tout moun pou yon sèvis jèn. Mande Nabòt pou li dirije sèvis la.
Psalms 55:3(055:4) Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'.
Proverbs 12:19Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.
Proverbs 19:9Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.