Genesis 41:30
Apre sa, pral gen sèt lanne grangou. Lè sa a, moun pral bliye tout bèl rekòt yo te fè nan peyi a. Grangou pral fini nèt ak peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Pandan sèt lanne pral gen bèl rekòt nan tout peyi Lejip la.
31Grangou ki pral tonbe sou peyi a pral rèd anpil. Moun p'ap wè tras rekòt ki te fèt nan peyi a.
Cross References
Genesis 41:27Sèt vach tout mèg, tout lèd ki vin apre lòt yo, se sèt lanne. Sèt grap ble boule yo, se sèt lanne tou. Sa vle di pral gen sèt lanne grangou.
Genesis 41:54Sèt lanne grangou yo te konmanse jan Jozèf te di a. Grangou t'ap bat nan tout lòt peyi yo tou, men te gen manje toujou nan tout peyi Lejip la.
Genesis 47:13Grangou a te rèd anpil toupatou. pa t' gen manje ankò. Moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran yo t'ap fin deperi anba grangou a.
1 Kings 17:1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
Psalms 105:16Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,
Isaiah 65:16Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l' nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.