Genesis 42:24
Jozèf soti kote yo te ye a, li al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l' nan chenn, la devan yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 34:25Twa jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo.
Genesis 43:23Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.
Genesis 45:1Jozèf pa t' kapab kenbe ankò devan tout moun ki t'ap sèvi l' yo. Li di byen fò: -Fè tout moun soti. Se konsa, pesonn pa t' la avèk Jozèf lè li fè frè l' yo rekonèt li.
Genesis 45:14Epi li lage kò l' nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tout t'ap kriye sou zepòl li.
Isaiah 63:9nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
Romans 12:15Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.