Genesis 43:3
Jida reponn li: -Nonm lan te byen avèti nou pou nou pa parèt devan l' si nou pa vin ak ti frè nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Si ou vle kite ti frè nou an vin ak nou, nou v al achte manje pou ou.
Cross References
Genesis 42:20Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l' ban mwen, pou nou ka moutre m' nou pa t' ban m' manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa.
Genesis 43:5Si ou pa vle kite l' ale, n'ap rete, paske msye a te tout di nou: piga nou parèt devan l' ankò si nou pa vin ak ti frè nou an.
2 Samuel 3:13David reponn li: -Dakò. M'ap pase yon kontra avè ou. Men, m'ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m' san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m'.
2 Samuel 14:28Absalon pase dezan lavil Jerizalèm san li pa janm parèt devan wa a.
Acts 7:34Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan li ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Koulye a, ale non. Se mwen menm k'ap voye ou nan peyi Lejip.
Acts 20:38Sa ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l' ankò. Apre sa, yo kondi l' mennen jouk sou batiman an.