Genesis 43:32
Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l' yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Apre sa, li lave figi l', li soti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a.
Cross References
Genesis 31:54Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l' bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l' yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan.
Genesis 46:34n'a reponn li: Monwa, depi nou tout piti jouk koulye a, se bèt n'ap gade, tankou tout zansèt nou yo. Konsa, nou ka rete nan peyi Gochenn lan. Li te di yo sa paske moun peyi Lejip yo pa ka sipòte wè moun k'ap gade bèt viv nan mitan yo.