Genesis 44:4
Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pa t' pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a: -Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w'a trape yo, w'a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen?
Bib La
In The King James Version
In Context
3Nan denmen maten, byen bonè, yo voye mesye yo al fè wout yo ak tout bourik yo.
Cross References
1 Samuel 24:17Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou.
Psalms 35:12Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje.
Proverbs 17:13Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.