Genesis 45:15
Apre sa, li bo tout frè li yo, li t'ap kriye toujou. Lèfini, frè l' yo pran pale ak li.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Lè moun lakay farawon yo vin konnen frè Jozèf yo te vini, sa te fè farawon an ak chèf li yo kontan.
Cross References
Genesis 29:11Lè l' fini, li bo Rachèl. Apre sa, li pran kriye.
Genesis 33:4Ezaou menm kouri al kontre l', li pase bra l' nan kou l', li bat do l', li bo li. Epi yo tout de yo pran kriye.
Exodus 4:27Seyè a di Arawon: -Ale kontre Moyiz nan dezè a. Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l' nan kou l'.
Ruth 1:14Medam yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l' orevwa, epi li al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l'.
1 Samuel 20:41Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan.
Psalms 77:4(077:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.