Genesis 45:23
Apre sa, li pran dis mal bourik chaje ak pi bon bagay ki te nan peyi Lejip la, dis fenmèl bourik chaje ak ble ak pen ak tout kalite lòt pwovizyon ankò, li voye bay papa l' pou l' ka fè vwayaj la.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Li ba yo chak yon rad tout nèf. Men, li bay Benjamen twasan (0300) pyès lajan ak senk rad nèf.
24Lè l'ap voye frè l' yo pati, li di yo: -Piga nou chache kont yonn ak lòt nan chemen an, tande.
Cross References
Genesis 24:10Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, li ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami.
Exodus 16:3Yo t'ap di yo: -Poukisa Seyè a pa t' tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou.