Genesis 46:3
Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Genesis 15:1Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.
Genesis 18:18Pitit pitit li yo pral tounen yon gwo nasyon ki va gen pouvwa. Gremesi Abraram, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.
Genesis 26:2Izarak fè yon vizyon, li wè Seyè a parèt devan l'. Seyè a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a.
Genesis 35:11Bondye di l' ankò: -Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa a. W'ap gen anpil pitit ak pitit pitit. Gen ladan yo k'ap wa. W'ap si tèlman gen anpil pitit pitit, y'a tounen yon kantite nasyon.
Exodus 1:7Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a.