Genesis 46:32
Se gadò mouton yo ye. Se bèt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bèf yo ansanm ak tout sa yo genyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Lè farawon an va rele nou pou mande nou ki metye nou,
Cross References
Genesis 9:20Noe se premye moun ki travay latè. Li plante yon jaden rezen.
Genesis 37:2Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disètan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l' yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l' yo. Li te konn rapòte bay papa l' tout vye bagay yo t'ap fè.
Genesis 46:34n'a reponn li: Monwa, depi nou tout piti jouk koulye a, se bèt n'ap gade, tankou tout zansèt nou yo. Konsa, nou ka rete nan peyi Gochenn lan. Li te di yo sa paske moun peyi Lejip yo pa ka sipòte wè moun k'ap gade bèt viv nan mitan yo.
Exodus 3:1Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè li, ki te yon prèt nan peyi Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.
1 Samuel 17:15Tanzantan David te konn soti lakay Sayil desann lavil Betleyèm pou l' al okipe mouton papa l' yo.
1 Kings 18:5Akab te di Abdyas: -Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bò tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zèb pou bay chwal yo ak milèt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo.