Genesis 47:15
Lè tout lajan moun yo fini nan peyi Lejip ak nan peyi Kanaran, tout moun peyi Lejip yo vin jwenn Jozèf, yo di l': -Ban nou manje non, souple. Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou, nou pa gen lajan ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Jozèf di yo: -Si nou pa gen lajan, mennen bèt nou yo vini, n'a boukante yo pou manje.
Cross References
Genesis 41:36Konsa, pwovizyon sa yo va sèvi yon rezèv pou peyi a pandan sèt lanne grangou k'ap vin tonbe apre sa sou peyi Lejip, pou grangou pa fini ak peyi a.
Genesis 47:24Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm (01/5) nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou.
Judges 8:8Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penyèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo.
1 Samuel 25:8Ou mèt mande yo, y'a di ou. David voye mande ou pou resevwa mesye pa l' yo byen, paske se yon jou fèt nou rive isit la. Tanpri, mèt! Bay sa ou genyen pou nou k'ap sèvi ou, ak pou David, zanmi ou lan.
Isaiah 33:16Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.