Genesis 48:14
Men, Izrayèl kwaze men l' lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l' t'ap fè lè l' te fè sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 46:20Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li.
Exodus 15:6Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!
Numbers 8:18Koulye a, mwen pran moun Levi yo nan plas premye pitit moun pèp Izrayèl yo.
Psalms 110:1Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Matthew 6:5Lè n'ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
Matthew 19:13Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l' te mete men l' sou tèt yo, pou l' te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa.