The Bible Software
bible.software › Genesis › Genesis 49 › Genesis 49:3

Genesis 49:3

Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg.

Bib La

In The King James Version

Reuben, thou art my firstborn, my might, and the beginning of my strength, the excellency of dignity, and the excellency of power:

In Context

2Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.

4Ou tankou yon larivyè k'ap desann. Men, se pa ou k'ap alatèt, paske ou kouche ak yon madanm papa ou. Ou moute sou kabann mwen, ou fè sa ou pa t' dwe fè.

Read all of Genesis 49

Cross References

Genesis 35:22Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.

Genesis 46:8Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn.

Numbers 1:20Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.

Deuteronomy 21:17Wè pa wè, se pou l' respekte dwa premye pitit gason l' lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalè sa li gen pou l' bay chak lòt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fè lè li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen.

Deuteronomy 33:6Men sa li di pou branch fanmi Woubenn lan: Se pou Woubenn viv lontan! Fanmi li p'ap janm disparèt, malgre li pa gen anpil moun.

1 Chronicles 5:1Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Genesis 49:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Genesis 49:2Genesis 49Genesis 49:4 →