Genesis 49:8
Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou. W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou. Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 29:35Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m'ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l' Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.
Genesis 42:6Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou.
Genesis 46:12Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.
Numbers 10:14Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la.
Deuteronomy 33:7Men sa li di pou branch fanmi Jida a: Seyè, koute vwa moun fanmi Jida yo! Fè yo mete tèt yo ansanm ankò ak rès pèp la. Goumen pou yo, Seyè! Se pou ou ede yo lè y'ap batay ak lènmi l' yo.
Joshua 15:20Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l' bay yon pòsyon pou chak fanmi.