Genesis 6:12
Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
Cross References
Genesis 6:4Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.
Genesis 7:1Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.
Genesis 9:12Bondye di ankò-Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li.
Genesis 18:20Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil.
Job 22:15Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!
Psalms 14:1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.