Genesis 8:9
Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Apre sa, li lage yon pijon, pou l' wè si dlo a te fin bese sou tè a.
10Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l' soti nan batiman an.
Cross References
Psalms 116:7Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.
Ezekiel 7:16Genyen ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.
John 16:33Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.