Habakkuk 1:13
Ou twò bon pou ou kite moun ap fè mechanste devan je ou konsa! Ou pa ka rete ap gade moun ap fè lenjistis devan ou konsa! Ki jan ou fè rete ap gade bann moun trèt sa yo? Poukisa ou pa di anyen lè mechan yo ap fini ak moun ki pi inonsan pase yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
14Kouman ou ka aji ak moun tankou si yo te pwason nan lanmè, tankou koulèv nan raje ki pa gen mèt?
Cross References
Deuteronomy 23:15Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmèt li bay mèt li.
1 Kings 2:32Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.
Job 15:15Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'.
Psalms 5:4(05:5) Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.
Psalms 10:15Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou.
Psalms 34:15(034:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.