Habakkuk 1:2
Seyè! Konbe tan ankò pou m' pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m'? Konbe tan ankò pou m' pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k'ap maltrete nou yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
1Men mesaj Bondye te bay pwofèt Abakouk nan yon vizyon.
Cross References
Job 19:7Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen.
Psalms 22:1(022:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (022:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
Psalms 74:9Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.
Jeremiah 14:9Poukisa w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouraj pou fè anyen pou pesonn? Seyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou!
Revelation 6:10Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?