Habakkuk 2:3
Ekri l' paske se poko lè pou sa m' pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l' rive. Li gen pou l' rive vre. Si li pran reta pou l' rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l' rive lè pou l' rive a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:19Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
Psalms 27:14Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!
Psalms 130:5Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
Isaiah 30:18Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
Jeremiah 27:7Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.
Lamentations 3:26Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.