Habakkuk 2:6
Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:7Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.
Job 20:15Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
Psalms 94:3Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann?
Isaiah 5:8Madichon pou moun k'ap bati kay sou kay, pou moun k'ap achte tè pou mete sou sa yo genyen deja! Talè konsa, p'ap gen plas pou lòt moun nan peyi a. Yo vle se yo menm ase ki pou rete nan peyi a.
Isaiah 44:20Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.
Jeremiah 17:11Moun k'ap fè mal pou yo ka rive rich, yo tankou zwezo k'ap kouve ze yo pa t' ponn. Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen. Anvan yo mouri, yo gen tan pèdi tèt yo.