The Bible Software
bible.software › Habakkuk › Habakkuk 2 › Habakkuk 2:7

Habakkuk 2:7

Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen.

Bib La

In The King James Version

Shall they not rise up suddenly that shall bite thee, and awake that shall vex thee, and thou shalt be for booties unto them?

In Context

6Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!

8Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.

Read all of Habakkuk 2

Cross References

Ecclesiastes 10:8Si ou fouye yon pi, se ou menm ki va tonbe ladan l'. Si ou kraze yon miray, se ou menm sèpan va mòde.

Isaiah 13:16Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.

Isaiah 41:25Se mwen menm ki chwazi yon nonm soti bò solèy leve. Se mwen menm ki fè l' desann soti nan nò vin atake. Li kraze tout chèf yo tankou labou anba pye l', menm jan moun k'ap fè krich kraze tè pou l' travay.

Isaiah 46:11Mwen rele yon nonm mwen te chwazi soti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l' fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l' fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt.

Isaiah 48:14Nou tout, sanble non pou nou koute m'! Kilès nan zidòl nou yo ki te fè konnen depi davans tout bagay sa yo? Moun mwen renmen an pral fè travay mwen vle l' fè a kont lavil Babilòn, kont ras moun Kalde yo.

Jeremiah 50:21Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Habakkuk 2:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Habakkuk 2:6Habakkuk 2Habakkuk 2:8 →