Habakkuk 2:8
Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Madichon pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo!
Cross References
Proverbs 22:23Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
Isaiah 33:4Tankou krikèt nan jaden, nou kouri lage kò nou sou tou sa yo genyen, nou ranmase tout bagay pote ale.
Jeremiah 27:7Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.
Jeremiah 50:10Y'ap piye lavil Babilòn. Wi, tout moun k'ap piye l' yo ap pran pot ale jouk yo pa konn kote pou yo mete ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 50:18Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Mwen pral regle wa Babilòn lan ansanm ak tout peyi li a, menm jan mwen te regle wa peyi Lasiri a.
Jeremiah 50:33Wi, men sa Seyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo.