Hebrews 1:14
Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:1Jakòb menm ale chemen chemen l'. Li kontre kèk zanj Bondye sou wout li.
1 Kings 22:19Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.
Psalms 34:7(034:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
Psalms 103:20Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a!
Isaiah 6:2Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole.
Daniel 6:22Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?