Hebrews 10:20
Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a.
Cross References
Exodus 36:35Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.
Leviticus 16:15Se lè sa a l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote l' anndan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a voye l' sou kouvèti a ak devan kouvèti a, menm jan li te fè pou san ti towo bèf la.
Matthew 27:51Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.
Luke 23:45Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.
John 10:7Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.
John 14:6Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.